Aplikasyon COVID Alert CT
 Google Play Store

Pou sispann pwopagasyon COVID-19 la, Connecticut bezwen pou tout moun jwe pati pa yo. Yon fason ou kapab ede tèt ou ak kominote ou se lè ou telechaje aplikasyon COVID Alert CT a ki ap enfòme ou si ou te an kontak pwòch ak yon moun ki teste pozitif pou COVID-19.

 

COVID Alert CT se yon aplikasyon volontè, anonim pou telefòn entèlijan ki bay notifikasyon sou ekspozisyon. W ap resevwa yon alèt si ou te an kontak pwòch ak yon moun ki teste pozitif pou COVID-19. Lè ou gen enfòmasyon sou yon posib ekspozisyon, sa pèmèt ou mete tèt ou an karantèn touswit, fè tès, ak redui risk yon posib ekspozisyon pou fanmi, zanmi, vwazen, kolèg ou ak lòt yo.

 

Tank gen plis moun ki patisipe nan COVID Alert CT, se tank l ap pi efikas.

 

Ede pwoteje kominote ou pandan ou kenbe vi prive ou. Aplikasyon mobil gratis la disponib pou tout moun ki gen 18 ane oswa plis epi k ap viv, travay oswa ki nan kolèj nan Connecticut. Li disponib pou telechaje apati Play Store Google; itilizatè iPhone yo kapab aktive COVID Alert CT a dirèkteman nan Paramèt aplikasyon an pou iOS. COVID Alert CT disponib nan lang Anglè, Panyòl, Pòtigè, Polonè, Mandaren, Kreyòl Ayisyen, Bengali ak Arab.

 

Vizite paj konfigirasyon nou an pou jwenn enstriksyon pou enstale li

 

Apresa, asire ou chwazi opsyon pou resevwa alèt si li posib ou te ekspoze ak yon moun ki teste pozitif pou COVID-19. Telefòn ou an echanje yon kòd aleyatwa sekirize bay lòt telefòn yo pou anrejistre ke yo te toupre.

Ou ta dwe konnen ke lavi prive ou pwoteje. Aplikasyon an p ap janm kolekte, transmèt oswa sovgade enfòmasyon pèsonèl ou epi li totalman anonim. Google, Apple oswa Connecticut Department of Public Health (Depatman Sante Piblik Connecticut) la pa kapab gen aksè ak enfòmasyon pèsonèl ou.

Kote ou ye p ap janm retrase - aplikasyon an itilize teknoloji Bluetooth pou detekte lè yon lòt moun ki gen menm aplikasyon an rapwoche nan yon distans 6 pye (1.83 mèt). Telefòn ou an echanje yon kòd sekirize bay lòt telefòn lan pou anrejistre ke yo te toupre.

Tcheke videyo sa a sou Google konsènan notifikasyon sou ekspozisyon yo.

 

Ou gen kesyon? Ale sou lyen yo ki anba a pou jwenn plis enfòmasyon ak detay sou COVID Alert CT. Mèsi dèske ou telechaje aplikasyon an!

Jwenn detay

Enstriksyon sou konfigirasyon

Règleman sou Vi Prive COVID Alert CT