COVID Alert CT: Sa ou ta dwe konnen

 
 
Ki enfòmasyon ou ap chache? Chwazi nan opsyon anba yo pou w ka gen aksè a seksyon ki a dwat la:
  1. M te resevwa yon mesaj tèks ki di “Ou manke yon apèl de yon pwofesyonèl ki la pou retrase kontak nan CT. Nou ap voye yon lyen bay COVID Alert CT (Alèt COVID nan CT pou yo pataje rezita w yo ak ou epi pou yo ede kominote w la.”
  2. M te resevwa yon mesaj ki di “Nou pataje rezilta w yo de fason anonim pou n anpeche COVID-19 la pwopaje nan kanmpous ou a. Ou ap resevwa yon mesaj nan lyen w lan pou COVID ALERT CT.”
  3. M te resevwa yon notifikasyon ki di “Li posib pou w te espoze a COVID-19 la. Ou te pre yon moun ki teste pozitif nan COVID-19 la, sa ka lakoz ou vin enfekte tou.’’
  4. M gen kesyon jeneral sou aplikasyon COVID Alert CT.

 

 

Enfòmasyon pou Ka yo

Poukisa m te resevwa yon mesaj tèks?

Moun ki teste pozitif nan COVID-19 la ka resevwa mesaj tèks nan men pwogram ki la pou retrase kontak la. Yo voye mesaj tèks sa yo si:

  • Ou manke apèl yon pwofesyonèl ki la pou retrase kontak (CT COVID Trace (Pwofesyonèl ki la pou retrase nan CT)) oubyen depatman sante lokal ou a)
  • Ou ale oubyen ap travay nan yon lekòl oubyen yon inivèsite nan Connecticut
  • Ou te pale ak yon pwofesyonèl ki la pou retrase kontak epi li te mande w yon kòd pou l pataje rezilta pozitif ou a

Kisa ki ap pase si m klike sou lyen verifikasyon an pou m pataje rezilta m yo an prive?
Lyen ou resevwa a ap mache si w deja gen aplikasyon COVID ALERT CT a sou telefòn ou. Si w gen aplikasyon an, lè w klike sou lyen an sa ap pèmèt ou pataje rezilta pozitif ou a an prive ak moun ki te pwòch ou yo. Nou pa p di pèsòn kiyès ou ye, men sa ap fè yo konnen yo ka te espoze a COVID-19 la konsa yo ap ka suiv etap pwoteksyon pou tèt yo ak moun ki pre yo. Aprè w fin klike sou lyen verifikasyon an ou ap gen pou w reponn kèk ti kesyon pou w ka konplete pwosesis la.

Kòd pozitif mwen an ekspire. Èske mwen kapab jwenn yon lòt?
Wi. Trasè kontak ou a ap voye kòd verifikasyon an ba ou atravè SMS/Tèks avèk konsantman ou. Ou gen 24 èdtan apati lè kòd la sòti a pou antre li nan aplikasyon ou an lè ou klike sou lyen an ki nan mesaj tèks la. Si kòd ou a ekspire, tanpri tounen rele liy asistans Rechèch Kontak eta a. Yon chèchè kontak pral kapab emèt yon nouvo kòd apati sistèm swivi kontak la.

Èske m toujou bezwen pale ak yon pwofesyonèl ki la pou retrase kontak?
Menm si w pa gen aplikasyon COVID ALERT CT sou telefòn ou, li enpòtan pou w pale ak yon pwofesyonèl ki la pou retrase kontak:

  • Si w manke yon apèl yon pwofesyonèl tanpri tounen yo apèl la nan nimewo yo te ba w la
  • Si w ale oubyen ou ap travay nan yon lekòl oubyen yon inivèsite tanpri asire w ou suiv enstriksyon yo te ba ou yo apre rezilta pozitif ou an
  • Si w gentan pale ak yon pwofesyonèl ki la pou retrase kontak pa gen obligasyon pou w tounen yo apèl la kounyea, men tanpri asire w ou ranpli siveyans yo mande w chak jou yo kit yo kontakte w nan telefòn, pa imèl, oubyen mesaj tèks

Mwen gen enkyetid sou rezilta pozitif mwen an. Ki kote m ka jwenn èd?

Si w gen yon ijans medikal tanpri rele 9-1-1 oubyen ale nan depatman ijans ki pi pre w la.
Si w gen kesyon sou rezilta w la oubyen sou sentom ou yo, ou ka:

  • Rele premye founisè swen sante w la ki te mande w fè tès la
  • Si w gen asirans medikal, rele enfimyè ki nan lis ki nan kat asirans ou an
  • Si w pa gen asirans medikal oubyen yon founisè swen sante, tanpri rele pwogram pou retrase kontak la oubyen depatman sante lokal ou a pou w ka konekte ak yon enfimyè ki ka ede w reponn kesyon w yo

Si m teste pozitif pou COVID-19 la èske m ka toujou ale nan travay oubyen lekòl?
Si w teste pozitif pou COVID la ou ta dwe rete lakay ou epi lwen lòt moun pandan omwen 10 jou aprè sentom ou yo te kòmanse. Ou pa ta dwe gen lafyèv epi lòt sentom ou yo ta dwe amelyore anvan w rekòmanse aktivite nòmal ou yo tankou ale travay, lekòl oubyen soti nan piblik. Si w pa gen okenn sentom ou ta dwe rete lakay ou pandan 10 jou aprè dat rezilta pozitif ou a.

Kijan m ka izole m an tout sekirite?
Tanpri rete lakay ou epi rete lwen lòt moun yo amwenske w prale kay founisè swen sante w la. Si w ap viv ak lòt moun, tanpri eseye rete lwen yo nan yon chanm separe. Si w bezwen ale deyò chanm separe w la, mete mas epi siye tout sa w manyen ak dezenfektan. Si sa posib, itilize douch separe ak tout lòt moun lakay ou. Si yon douch separe pa posib, netwaye tout sifas ou manyen ak dezenfektan aprè w fin itilize yo. Eseye fè fanmi w oubyen zanmi w yo livre w manje dèyè pòt ou a.

Èske moun m ap viv avèk yo a sipoze rete an karantèn?
Moun ou gen kontak dirèk ak yo oubyen ou te a 6 pye de yo pandan plis pase 15 minit yo, yo konsidere yo kòm moun out e gen kontak sere kidonk yo ta dwe rete an karantèn. Sa vle di yo ta dwe rete lakay epi rete lwen lòt moun pandan omwen 10 jou. Endividi ki pran tout vaksen yo kont COVID-19 la pa bezwen ale an karantèn.



Enfòmasyon pou Kontak yo

Kisa mwen ta dwe fè si mwen resevwa yon alèt nan aplikasyon an?
Ou te resevwa yon alèt akòz ou te an kontak ak yon moun ki gen COVID-19. Ka gen risk pou ou trape COVID-19 la, kidonk ou ta dwe rete nan karantèn lakay, pale ak doktè ou epi pran prekosyon nesesè pou pwoteje tèt ou ak lòt yo.

Notifikasyon ki alète ou sou yon posib ekspozisyon pral gen ladan nimewo telefòn pou trasè kontak yo nan eta a - ou ta dwe rele nimewo sa a pou oryantasyon anplis epi pou ou rete konekte ak nenpòt resous sipò ou ka bezwen.

Èske yon alèt vle di m ap gen COVID-19?
Sa pa fòseman vle di w ap devlope COVID-19, men piske ou te ekspoze, gen yon risk ou ka devlope maladi a. Tanpri mete tèt ou apa de lòt yo epi rele liy asistans Swivi Kontak la.

Kijan m ap konnen si m devlope COVID-19 la? Kisa sentom yo ye?
Sentom COVID-19 nou plis konnen yo se tous ak lafyèv. Ou ka gen difikilte pou w respire tou, tèt fè mal, gòj fè mal, konjesyon, konfizyon, vomisman ak dyare, doulè nan mis, ou pa pran gou oubyen sant epi fatig. Sentom yo ka parèt ant 2 a 14 jou aprè w fin espoze a viris la. Vizite sit entènèt Centers for Disease Control and Prevention (CDC) (Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi) a pou plis enfòmasyon sou sentom COVID-19 la.

Sonje – menm si ou pa santi sentom yo- ou ta dwe rete lakay ou pandan omwen 10 jou si w te espoze a yon moun ki gen COVID-19 la- epi suiv enstriksyon pwofesyonèl ki la pou retrase kontak ki te pale ak ou a.

Kijan mwen kapab gen sètitid alèt sa a lejitim? Èske nenpòt moun pa ta ka sèlman di li pozitif pou 'blag' epi deklanche yon alèt?
Alèt la lejitim. Si ou resevwa yon alèt, konnen ke Connecticut Department of Public Health (Depatman Sante Piblik) oswa Depatman Sante lokal ou a te verifye ke moun lan ou te toupre li a te gen rezilta tès pozitif li. 

Nan ki distans m ka rete pre yon moun ki gen COVID-19 epi pandan konbyen tan?
Yo pwograme aplikasyon an pou l pran enfòmasyon sou espozisyon a youn oubyen plis endividi nan 6 pye pandan 15 minit oubyen plis. Nou pa gen distans ekzat la oubyen kantite tan ou te espoze a.

Pou ankèt sou kontak COVID-19 la ak mouvman retriksyon potansyèl tankou karantèn, CDC defini kontak sere yo, antanke yon kontak ki nan yon distans 6 pye a yon lòt moun pou yon total 15 minit oubyen plis nan yon peryòd 24è.

Èske aplikasyon an ap anrejistre ekspozisyon yo si ou te gen kontak pwòch ak plizyè moun ki te teste pozitif pou COVID-19 pandan mwens pase 15 minit?
Teknoloji Notifikasyon sou ekspozisyon an ka voye ba ou yon alèt si ou te gen kontak pwòch ak plizyè moun ki pozitif pou COVID-19 nan moman ki diferan pandan menm entèval 24 èdtan an, menm si entèraksyon sa yo te mwens pase 15 minit chak, depi ekspoziyon total ou ak moun ki enfekte yo te bay omwen 15 minit nan yon entèval 24 èdtan.

Limit 15 minit lan kimilatif. Si nan 24 èdtan, ou pase:

  • 7 minit toupre moun A
  • 5 minit toupre moun B
  • 4 minit toupre moun C                                                                                                                                                                                                                                                 

W ap resevwa yon notifikasyon ekspozisyon si tout moun sa yo teste pozitif piske tan kimilatif la se 15 minit oswa plis.

Mwen gen mwens pase 18 lane, men m te telechaje aplikasyon an epi m resevwa alèt la. Kisa m ta dwe fè kounyea?
Tanpri moutre paran w sa oubyen gadyen legal ou a epi suiv enstriksyon yo sou ekran an. Nou pa gen otorizasyon pou n pale ak minè san pèmisyon paran yo oubyen gadyen yo.

Èske m ta dwe al pase tès COVID-19 la?
Nou ankouraje w pou w fè tès la. Sepandan, COVID-19 la ka pran plis pase 2 semèn pou l parèt sou yon tès. Menm si ou resevwa yon rezilta ki negatif, ou ta dwe toujou kontinye rete an karantèn pandan omwen 10 jou.

Ki kote m ka al fè tès la?
Ou ka jwenn yon kote pou w fè tès COVID-19 la lè w ale vizite ct.gov/coronavirus, tape nan kòd postal ou, epi klike “GO (Ale)”.

Èske mwen kapab toujou ale travay oswa lekòl si mwen resevwa yon notifikasyon nan aplikasyon sa a?
Si ou resevwa yon alèt - ou dwe swiv oryantasyon ki sou paj notifikasyon sou ekspozisyon nan aplikayon an. Tanpri, konnen ke se yon sitiyasyon ki chanje toutan - ak oryantasyon an ka chanje pandan n ap aprann sou fason viris la pwopaje.

Tanpri swiv oryantasyon sou paj notifikasyon sou ekspozisyon an nan aplikasyon an si ou te resevwa yon alèt ke ou te ekspoze ak yon moun ki dyagnostike avèk COVID-19. Tanpri rete lakay epi rele liy asistans swivi kontak la nan nimewo telefòn ki afiche nan notifikasyon aplikasyon an.

Kijan pou m rete an karantèn san danje? konbyen tan m dwe fè an karantèn?
Pou w rete an karantèn an sekirite, tanpri rete lakay ou pandan omwen 10 jou apati dat ou te espoze a ki note nan COVID Alert CT, amwenske ou gen pou w vizite founisè swen sante w la. Si w ap viv ak lòt, tanpri eseye rete lwen lòt moun nan yon chanm apa. Si ou bezwen ale deyò espas apa ou a, mete yon mask epi siye tout bagay ou touche avèk dezenfektan.  Si sa posib, itilze yon douch ki separe de lòt moun nan kay ou. Si li pa posib pou gen yon douch apa, netwaye tout sifas ou touche ak yon netwayan dezenfektan apre itilizasyon. Eseye fè fanmi oswa zanmi ou livre manje pou ou deyò pòt la.

Èske moun yo nan kay mwen ta dwe nan karantèn tou?
Lòt moun nan kay ou pa bezwen nan karantèn akòz yon alèt aplikasyon sa a. Sepandan, si ou menm oswa nenpòt moun nan kay la kòmanse gen sentòm COVID-19, nou rekòmande pou yo chèche fè tès COVID la osito posib epi evite kontak pwòch ak lòt moun pandan y ap tann rezilta yo.



Enfòmasyon Jeneral sou COVID Alert CT

Kisa COVID Alert CTla ye?
COVID Alert CT totalman gratis - itilizatè Android yo kapab telechaje aplikasyon an apati Play Store Google la, epi itilizatè iPhone yo kapab aktive Notifikasyon Ekspozisyon an nan Paramèt aplikasyon. Ou dwe gen omwen 18 ane pou ou ka itilize COVID Alert CT.

COVID Alert CT se aplikasyon volontè, anonim pou telefòn entèlijan ki bay notifikasyon sou ekspozisyon.
Aplikasyon an swiv lè yon moun pwòch yon lòt telefòn entèlijan ki gen aplikasyon an aktive sou li kap itilize teknoloji Bluetooth.

Aplikasyon an ap voye yon alèt ba ou si ou te an kontak pwòch ak yon moun ki teste pozitif pou COVID-19.
Aplikasyon an voye alèt tou bay lòt telefòn entèlijan ki gen aplikasyon an aktive si ou teste pozitif pou COVID-19 epi te gen kontak pwòch ak moun sa yo, sou baz konsantman ou pou pataje kòd kontak pwòch yo

Kijan COVID Alert CT a fonksyone?
Pandan w ap regle aktivite ou nan jounen an, aplikasyon an itilize Bluetooth pou detekte lè yon lòt moun ki gen menm aplikasyon an rapwoche nan yon distans 6 pye (1.83 mèt). Telefòn ou an echanje yon kòd aleyatwa sekirize bay lòt telefòn lan pou anrejistre ke yo te toupre.

Si aplikasyon an santi ou te nan distans 6 pye (1.83 m) ak yon moun pandan yon total 15 minit oswa plis nan yon jounen, aplikasyon an ajoute kòd aleyatwa telefòn li nan yon lis kontak ki pwòch. Aparèy yo ki sèlman pase toupre oswa ki nan distans plis pase 6 pye (1.83 mèt) de ou menm pa fè pati lis la.

Si tès ou a pozitif:

  • Yon pwofesyonèl ki la pou retrase kontak nan enstistisyon edikasyon ki pi wo plase a, Connecticut Department of Public Health (Depatman Sante Piblik Connecticut la), oubyen depatman sante lokal ou a ap ba w yon kòd atravè telefòn oubyen nan yon mesaj tèks pou w ka divilge kòd “Kontak sere’’ aplikasyon an anrejistre yo pandan w te kontajye a.
  • Yon fwa ou soumèt kòd sa a atravè aplikasyon an, moun sa yo ke ou te nan distans 6 pye (1.83 mèt) ak yo pandan 15 minit lan oswa plis, ki te telechaje tou aplikasyon an ap resevwa yon notifikasyon ke yo te an kontak pwòch ak yon moun ki gen COVID-19. Pataje lis ou a se yon bagay ki sekirize ak prive. Aplikasyon an p ap janm revele kiyès ou ye bay okenn moun.

Kijan COVID Alert CT pwoteje vi prive w?
Nou konnen vi prive se yon preyokipasyon serye, espesyalman nan yon moman konsa, avèk kalite aplikasyon sa yo - men nou vle klè anpil sou sa pou di ke anrejistreman ekspozisyon an ak notifikasyon yo totalman anonim. Ou p ap kapab idantifye okenn moun ki te ka ekspoze ou ak COVID-19 epi lòt yo p ap kapab idantifye si li posib ou te ekspoze yo. Enfòmasyon ou yo totalman prive ak konfidansyèl. Aplikasyon an pa kolekte non ou oswa enfòmasyon pèsonèl ou.

Sonje:

  • Ou gen tout kontwòl pou resevwa notifikasyon sou ekspozisyon epi kapab fèmen li nenpòt kilè.
  • COVID Alert CT p ap janm swiv lokal ou ye a - li itilize Bluetooth pou detekte si de(2) aparèy toupre youn lòt.
  • Idantite ou p ap janm revele bay okenn moun.
  • Idantite ou ap rete anonim; aplikasyon an p ap janm kolekte, transmèt oswa sovgade enfòmasyon pèsonèl ou.

Èske m ap bezwen kenbe Bluetooth la aktive pou aplikasyon an ka fonksyone?
Wi, w ap bezwen gen Bluetooth la ki aktive pou itilize fonksyon anrejistreman ekspozisyon aplikasyon an. Se teknoloji Bluetooth la ki pèmèt aplikasyon an kolekte kòd aleywatwa lòt telefòn entèlijan ki nan distans 6 pye (1.83 mèt) telefòn ou an pandan 15 minit oswa plis.

Èske aplikasyon an ap fini ak batri telefòn mwen an?
Aplikasyon an itilize Bluetooth Low Energy, BLE (Konsomasyon Enèji ki Fèb) ki, konpare ak aplikasyon ki itilize Bluetooth klasik, pèmèt konsomasyon kouran li redui anpil pandan li konsève menm pòte kominikasyon. Pandan konsomasyon batri a ka varye selon modèl telefòn nan ak konfigirasyon paramèt yo, tès endepandan miltip enpak BLE sou batri telefòn yo se 1-3% itilizasyon batri a pandan tout yon jounen Bluetooot la aktive. Ou kapab tcheke tou ki kantite batri nenpòt aplikasyon sou telefòn ou an itilize lè ou swiv etap anba yo (ki ka varye pou kèk aparèy):

  • Apple iOS: Paramèt -> Batri (Settings -> Battery)
  • Android: Paramèt -> Antretyen Aparèy -> Batri (Settings -> Device Care -> Battery)

Ki telefòn ki sipòte aplikasyon an?
Aplikasyon an ap fonksyone sou pifò Android (6.0 oswa pi wo) oswa aparèy iOS (13.7 oswa pi wo).
Itilizatè Apple yo, tanpri suiv enstriksyon sa yo pou w tcheke vèsyon telefòn ou an
Itilizatè Android yo, tanpri suiv enstriksyon sa yo pou w tcheke vèsyon tetefòn ou an

Èske aplikasyon an fonksyone andeyò eta Connecticut?
Nan Etazini, teknoloji Notifikasyon sou ekspozisyon an konfigire sou baz eta ou ladan an - men ka fonksyone avèk lòt eta. Si ou nan yon eta ki pataje menm sèvè tankou Eta Connecticut - w ap toujou resevwa notifikasyon.

Sepandan, si yon eta pa vle kowòdone avèk lòt eta yo - se dwa yo pou yo fè sa. Apati oktòb 2020, tout eta yo ki gen aplikasyon an te chwazi fonksyone apati menm sèvè a.

Nou ka jwenn yon lis mizajou de eta ki ap itilize menm sèvè ak Eta Connecticut la pou aplikasyon alèt yo a sou sit entènèt Association of Public Health Laboratories (APHL, Asosyasyon Laboratwa Sante Piblik yo) la.

Èske rezidan nan Connecticut yo bezwen telechaje aplikasyon lòt eta yo si yo vwayaje nan yon lòt eta?
Gade anwo a pou jwenn enfòmasyon sou fason aplikasyon Connecticut la fonksyone avèk lòt eta yo. Tanpri sonje, si w ap viv, travay oswa ale lekòl nan Connecticut, nou vle asire ou rete konekte ak yon trasè kontak Connecticut, kidonk li enpòtan pou ou resevwa notifikasyon nan aplikasyon Connecticut la pou ou kapab resevwa enfòmasyon kontak kòrèk li.

Mwen teste pozitif pou COVID-19. Kijan pou mwen aktive yon alèt bay kontak mwen yo apati aplikasyon mwen an?
W ap bezwen yon kòd nan men yon chèchè kontak pou asire kontak ou yo resevwa alèt. Yon moun ki sòti nan enstitisyon edikasyon siperyè ou, Connecticut Department of Public Health la oswa depatman sante lokal ou pral kontakte ou nan 24-48 èdtan pou verifye rezilta tès ou epi gide ou nan pwosesis la. Tanpri rete veyatif pou yon apèl telefòn chèchè kontak yo. Nan Connecticut, ID moun k ap rele a ap afiche "CTCOVIDTRACE", oswa nimewo depatman sante lokal ou.

Kijan pou mwen soumèt kòmantè konsènan aplikasyon an?
Kòmantè ou enpòtan pou nou. Ou ka soumèt kòmantè ki gen rapò ak pati teknik bay DPH.covidalertct@ct.gov.

Si ou gen kesyon ki gen rapò ak etap yo nan aplikasyon an ki gen rapò ak izòlman tèt ou ak karantèn, tanpri kontakte nimewo telefòn ki parèt nan notifikasyon aplikasyon an, epi yon chèchè kontak ap kapab ede ou. 

Si ou gen nenpòt lòt kesyon medikal, tanpri kontakte founisè medikal ou a, epi, kòm dabitid – konpoze 9-1-1 nan ka yon ijans.