Règleman sou Vi Prive

 

Anvigè apati 30 oktòb 2020

 

Règleman sou Vi Prive a dekri kijan Connecticut Department of Public Health (CDPH) pwoteje vi prive moun ki itilize nouvo sistèm notifikasyon sou ekspozisyon an – COVID Alert CT. Règleman an eksplike kijan done yo kolekte atravè COVID Alert CT sovgade ak trete, epi chwa yo disponib pou itilizatè yo nan kondisyon itilizasyon an.

 

Nan aparèy iOS yo (vèsyon 13.7 oswa pi avanse) sistèm notifikasyon sou ekspozisyon an aktive nan Paramèt yo epi ou pa gen pou enstale aplikasyon an. Nan aparèy Android yo, gen yon aplikasyon ki disponib pou telechaje. Pou tès pilòt la, fonksyon sa yo sèlman disponib pou kèk itilizatè ki asosye ak enstitisyon edikasyon siperyè yo nan eta a. Nan tou de aparèy yo, règleman sou vi prive a se menm nan.

 

Konsènan COVID Alert CT

 

COVID Alert CT otorize itilizatè yo voye ak resevwa notifikasyon yon ekspozisyon ki ka gen gwo risk pou COVID-19, nan yon fason ki pwoteje vi prive. Notifikasyon yo pral gen ladan enstriksyon sou kiyès pou ou kontakte ak pwochen etap pou pran yo.

 

Notifikasyon sou ekspozisyon yo gen entansyon konplete efò swivi kontak konvansyonèl yo ke otorite sante piblik lokal yo antreprann ki gen ladan kontak yon travayè sosyal.

 

Kijan li fonksyone  

 

COVID Alert CT pa kolekte oswa echanje okenn enfòmasyon pèsonèl, jan sa defini nan Lwa sou Done Pèsonèl Connecticut la, itilizatè a pou resevwa notifikasyon.

 

Aparèy mobil itilizatè yo pataje kle anonim (seri nimewo ki jenere yon fason aleyatwa) atravè Bluetooth. Sèl done ki itilize yo se kle anonim yo, fòs siyal (pwoksimite) Bluetooth la ak dat ak dire ekspozisyon an. Done sa yo pa konekte ak idantite oswa lokal yon itilizatè. Chak kle itilizatè chanje souvan pou plis pwoteje idantite yo. Done sa yo anrejistre sèlman sou aparèy itilizatè a epi yo pa janm pataje amwenske ak jiskaske itilizatè a gen yon dyagnostik COVID-19 pozitif epi chwazi pataje enfòmasyon sa yo nan sistèm lan. Done yo sovgade pandan yon peryòd 14 jou, apresa yo efase otomatikman. Yon fwa yo efase, done yo pa kapab rekipere.

 

Yon itilizatè ki teste pozitif pou COVID-19 ka chwazi enfòme lòt itilizatè COVID Alert CT ki te toupre itilizatè a. Pou deklanche notifikasyon sa a, itilizatè ki pozitif pou COVID-19 la dwe antre yon kòd verifikasyon valid ke otorite sante piblik la bay.

 

Plizyè fwa nan yon jounen, aplikasyon an telechaje yon lis tout kle anonim ki asosye ak ka COVID-19 pozitif yo ki te chwazi pataje kle yo atravè aplikasyon an.  Aparèy itilizatè a tcheke kle sa yo nan lis kle yo li te rankontre nan 14 jou pase yo. Si gen yon korespondans, epi dat, dire ak pwoksimite a aliyen ak modèl risk otorite sante piblik la pou endike gen yon ekspozisyon posib ak viris la, itilizatè a ap resevwa yon notifiikasyon sou ekspozisyon.

 

Notifikasyon an pral enfòme itilizatè a sou dat ekspozisyon an ak bay enstriksyon sou sa pou li fè annapre.

 

Konsantman ak Chwa Itilizatè

 

Itilize sistèm lan

COVID Alert CT gen potansyèl pou ede sispann pwopagasyon enfeksyon an ak itilizasyon li ankouraje anpil, men se yon bagay ki totalman volontè.

 

Itilizatè yo ka aktive sistèm lan oswa dezaktive li nenpòt kilè, oswa dezenstale aplikasyon an nan yon aparèy Android. Sistèm lan pa kolekte, swiv oswa sovgade lokal, enfòmasyon GPS oswa enfòmasyon pèsonèl itilizatè a.

 

Dezaktive notifikasyon sou ekspozisyon yo

Itilizatè yo ka dezaktive COVID Alert CT a nenpòt kilè lè yo dezenstale aplikasyon an (Android), oswa fèmen fonksyon an (iOS), fèmen aparèy mobil la oswa fèmen fonksyon Bluetooth la. 

 

Jenere notifikasyon sou ekspozisyon pou lòt itilizatè yo

Bay lòt itilizatè yo notifikasyon se yon bagay ki totalman volontè. Si yon itilizatè teste pozitif pou COVID-19 epi chwazi notifye lòt yo, itilizatè a gen pou aktive notifikasyon yo lè li antre yon kòd verifikasyon pou libere kle anonim yo ki sovgade sou aparèy mobil la. Lè kle anonim yo libere, notifikasyon ki ka jenere yo pa divilge idantite, lokal, nimewo telefòn oswa enfòmasyon pèsonèl itilizatè ki pozitif pou COVID-19 la.

 

Notifikasyon sou ekspozisyon an gen ladan dat ekspozisyon an, men idantite itilizatè ki pozitif pou COVID-19 la pa pataje. Pataje dat ekspozisyon an enpòtan pou asire bon prekosyon yo (tankou mete tèt ou nan karantèn) pran pou yon kantite tan ki apwopriye tou depann de dat ekspozisyon an. Li posib ke yon moun ki resevwa yon notifikasyon sou ekspozisyon ta ka devine idantite moun ki pozitif pou COVID-19 la, nan ka yo te gen jis kèk kontak nan yon jounen.

 

Yon kòd verifikasyon obligatwa pou pataje yon rezilta tès ki pozitif nan sistèm lan. Sa asire ke se sèlman rezilta tès pozitif ki verifye yo ki itilize pou jenere notifikasyon sou ekspozisyon yo. Se sèlman yon otorite sante piblik ki ka jenere kòd verifikasyon yo.

 

Pataj enfòmasyon

COVID Alert CT ka trete ak kolekte kategori done anonim ki anba yo:

  • Enstalasyon aplikasyon ak endikatè sipresyon
  • Endikatè notifikasyon sou ekspozisyon
  • Endikatè entèraksyon notifikasyon sou ekspozisyon
  • Endikatè pou ajoute kle
  • Endikatè kòd verifikasyon
  • Kle anonim yo ki te pataje volontèman

Done yo ka itilize pou siveye itilizasyon sistèm lan, epitou pou evalyasyon pèfòmans ak rezon estastistik oswa rechèch syantifik. Done sa yo sèlman kolekte si ou chwazi opsyon sa klèman. Done yo ka pataje tou avèk otorite sante piblik lokal yo. Enfòmasyon sa yo p ap gen ladan okenn enfòmasyon pèsonèl oswa lokal, ni yo p ap itilize pou idantifye okenn itilizatè sistèm lan.

 

Kondisyon pou laj

COVID Alert CT pa fèt pou okenn moun ki gen mwens pase 18 ane itilize li.

 

Chanjman nan Règleman sou Vi Prive nou an

CDPH ka mete ajou Règleman sou Vi Prive a tanzantan. Itilizatè yo pral resevwa notifikasyon sou nenpòt chanjman materyèl nan Règleman sou Vi Prive a atravè aplikasyon an. Notifikasyon an pral endike lè chanjman sa yo ap antre anvigè.

 

Itilizatè yo ki konteste nouvo Règleman sou Vi Prive a ka mete fen nan patisipasyon yo nan COVID Alert CT a lè yo efase oswa dezenstale aplikasyon an (Android) oswa dezaktive opsyon an (iOS).

 

Kontakte nou

Si ou gen nenpòt kòmantè oswa kesyon, remak oswa preyokipasyon konsènan Règleman sou Vi Prive sa a oswa sou pratik vi prive nou yo, tanpri kontakte nou nan DPH.covidalertct@ct.gov.