Enstriksyon sou konfigirasyon

Pou iPhone:

  1. Ale nan Paramèt > Notifikasyon sou Ekspozisyon > Aktive Notifikasyon sou Ekspozisyon (Go to Settings > Exposure Notifications >Turn on Exposure Notifications)
  2. Tape Kontinye epi chwazi Etazini > Connecticut (Tap Continue and select United States > Connecticut)
  3. Fini Entegrasyon COVID Alert CT

 

Pou verifye notifikasyon sou ekspozisyon an aktive sou yon iPhone, ale nan Paramèt > Notifikasyon sou Ekspozisyon (Settings > Exposure Notifications). Si notifikasyon yo aktive, itilizatè yo ta dwe wè ke Estati Anrejistreman sou Ekspozisyon an konfigire sou Aktive epi ap gen yon tchèk koulè vèt bò kote li. Itilizatè yo pa bezwen aktive Alèt sou Disponibilite nan iPhone yo a pou notifikasyon sou ekspozisyon COVID Alert CT a fonksyone. Aktive Alèt Disponiblite a pral fè itilizatè yo konnen si yo nan yon rejyon ki itilize zouti notifikasyon sou ekspozisyon, men li pa nesesè pou resevwa notifikasyon.

 

Pou Android:

Aplikasyon COVID Alert CT a kapab telechaje nan Google Play. Pou verifye ke notifikasyon sou ekspozisyon yo aktive nan yon telefòn Android, ouvri aplikasyon COVID Alert CT a. Klike seksyon Paramèt la epi asire ke Notifikasyon sou Ekspozisyon yo konfigire sou On (Aktive). Si non, klike sou Notifikasyon sou Ekspozisyon yo epi aktive baskil la.